Pati Emansipasyon Pèp la a kondane eskalad militè k ap frape Iran ak tout rejyon an. Nou reafime atachman nou ak dwa entènasyonal, pwoteksyon sivil yo ak souverènte pèp yo devan lojik lagè, entèvansyon ak pinisyon kolektif.
Lagè pa janm yon evènman ki lwen, ki abstrè oswa san konsekans pou nou. Lè yon konfli pran dife nan yon espas ki tèlman estratejik, li pwodui yon efè chèn : tansyon sou wout maritim yo, monte pri petwòl ak transpò, ogmantasyon pri angrè, dezòganizasyon sektè endistriyèl yo ak plis presyon sou peyi ki deja frajil yo.
Pèp ki deja ap sibi enflasyon, ensekirite enèjetik ak depandans alimantè peye yon dezyèm fakti. Yo peye li nan magazen, nan pri transpò, nan pri pwodiksyon agrikòl, nan ralantisman aktivite ekonomik la ak nan feblès finans piblik yo. Di lagè a gen konsekans lakay nou se pa yon senp fòmil ; se yon reyalite materyèl.
PEP la refize tout lojik ki fè kèk lavi ta konte plis pase lòt yo. Nou refize tou pou lojik blòk yo tounen popilasyon sivil yo an varyab ajisteman. Epi nou refize lide ke peyi antye ka destabilize pou kestyon jeyopolitik ki deside lòt kote.
Devan sitiyasyon sa a, nou mande yon dezeskalad imedya, pwoteksyon sivil yo, ouvèti chemen diplomatik ki serye ak yon analiz klè sou tout konsekans ekonomik mondyal yo. Pèp yo bezwen lapè, men yo bezwen tou gouvènman ki kapab antisipe kijan kriz entènasyonal yo frape popilasyon pa yo.
Pou Ayiti tankou pou tout peyi depandan yo, moman sa a raple yon gwo egzijans : ranfòse souverènte alimantè, diminye depandans enèjetik, sekirize chèn apwovizyònman esansyèl yo epi pwoteje klas popilè yo kont chòk ki soti deyò.
Pati Emansipasyon Pèp la
Kominike solidarite entènasyonal ak vijilans ekonomik
